Quand La vie Fait les comptes…

Gen anpil bagay ki pase pa bò isit ki pase nan tout gwo peyi tou, paske nou pa ka kontwole tan ak sikonstans yo. Poutan, si w pral nan randone, ou ta dwe konn itinerè w davans epi, prepare sa w ap gen bezwen e sa w KA bezwen.
Alòske nan peyi isit, non sèlman yo dirije san itinerè, yo pa pran lapenn fè preparasyon pou defi yo ta ka kwaze sou wout yo pran an.
Pami tout mankman yo, sikonstans lanmò sila fè m reflechi. Se pa paske se yon moun save, paske sansiblite m pa rete fije sou ki moun ki mouri ; se devan soufrans menm mwen pa gen fòs. Sandout paske mwen konn sa soufrans vle di, paske se konpayon lavi m. Anplis, se nan aksidan tou m te pèdi fanmi (2 tonton yon sèl kou), zanmi elatriye. Men gen yon diferans ki pa piti ki entèpele m nan ka espesyal sa: iresponsablite anpil chèf pa bò isit ka frape nan tou 2 sans.
Nan tout sitiyasyon, tout moun ta renmen jwenn asistans ka li nesesite. E lè sa pa fèt komsadwa, li pèdi konfyans li nan antite k ap desèvi li a. Yon moun ki pèdi yon pwòch li ap jwenn plis konsolasyon si l konnen ke pwòch li a te jwenn tout asistans ke ka li a te nesesite. Men lè se yon sistèm ki lakoz dlo nan je w, ou kriye ak doub penn epi ak remò.
Vizyon anpil chèf se okipe yon pòs pou privilèj pòs la olye pou vizyon yo gen pou estrikti y ap sèvi a. E lè yo gen vizyon, yo souvan kite demagwoji milye a demantibile konsyans yo.
Ou p ap fasil jwenn yon konpatriyòt refize yon pòs byen ke l konnen l pa nan konpetans li oswa li pa gen vizyon pou li.
Kesyon pou n ta poze:
E si kounya, yo ta nome responsab ki gen vizyon pou chak antite olye sou baz patizan?
E si yon moun ta refize yon plas ke l konnen kapasite l pap ka jere? Sa pa t ap bon?
Kounya, si yon manb gouvènman an ki gen vizyon ak kapasite ta konstate gouvènman an plas la ap mete roch nan moulen l, li ta sipoze swa demisyone epi met tout kaka chat deyò pou pèp la konnen aklè men a kisa l ap fè fas pou dirije opinyon popilè a.
Oswa met kanson l nan tay li pou l defann vizyon l pandan l ap sansiblize sitwayen yo sou presyon yo dwe fè pou jwenn bon jan sèvis e fè dwa yo respekte.
Se pa selman di w pa gen bidjè epi jwi byen ak privilèj pòs ou san anyen pap vanse.
Se pa dirije jis pou fè wè.
Lanmò sila aprann mwen depi w ap viv Ayiti, ou te mèt gen ase resous, oswa lot nasyonalite ak rezidans oswa viza, ou konfwonte ak prekarite e tout konba pou amelyore kondisyon lavi dwe enterese w paske lavi w menase nan sa li pa ta dwe menase sitou pou strik minimòm.
Mwen te gen yon sipèvizè m ki te viktim bal, malgre yo te rapatriye l yo te oblije kouri ba l san pou estabilize l. Si estrikti sa yo pat la, si li pat nan bon zòn, si li pat gen yon kominote ki entèvni a tan, li pa t ap menm gen tan pran avyon.
Gen ka ki nesesite yon entèvansyon nan mwens ke 20 minit e se poutèt sa tout estrikti yo dwe an plas pou bay minimòm swen an avan w anvizaje lòt bagay.
Doktè, lanmò w atriste m menm jan ak zanmi m Martine, 2 tonton m yo, Jhonson, Jeff, Muller, epi tout madan sara yo elatriye ki te bay ase tan pou pèsonèl swen yo ta fè sa yo te sipoze fè. Menm si sa te ka pa sèvi anyen, men fanmi yo ak zanmi yo ta gen yon apezman.
Mwen pa swete w gentan panse ak rezon ki te fè leta te pito konstwi yon dezyèm lopital ki pat miyò ke premye a olye yo te byen ekipe premye a epi ajoute kabann an plis.
M pa swete w te gen tan ap panse ak pwoblèm wout oswa elikoptè pou transpò w ni priye pou w pa jwenn blokis.
M pa swete tou pou w t ap panse a si w ap gentan rive.
Mwen pa swete tou pou w te enkyete w poutèt ni komin Gresye, ni Leyogàn oswa Tigwav ni Grangwav pat gen yon lopital ase ekipe pou te resevwa w.
Mpa swete non plis ou te panse ak pwoblèm san ki pat disponib nan lopital la nan moman w te pi bezwen l lan ki lakoz ou te tonbe nan eta chòk.
Lespri w te dwe fokis selman sou konba epsikolojik pou w akwoche w ak lavi.
Mwen swete nanm ou repoze nan lapè.
Mwen swete fanmi w pa gen menm remò ke mw ak lòt fanmi te santi lè n panse ak kantite tan pwòch nou yo te bay pou yo te jwenn swen.
Mwen swete yo pa panse ak diferans sa te ka fè si w te nan yon peyi ki ka reponn ak ijans.
Mwen plis pa ta swete w panse ak tout kontribisyon w nan domèn lasante lè w te la a. Pou w pa evalye sa w te fè ak sa ki te sipoze fèt ke w te neglije oswa manke defann.
Pafwa, Lavi mande rapò sou sa w te sipoze fè ke w te neglije fè.
Pou moun ki konn di yo pa konsène yo, eske w ap gentan rive? Depi w la, ou konsène.

LikeShow more reactions

Une réflexion sur “Quand La vie Fait les comptes…

Laisser un commentaire